top of page

BLOG

Search
  • Writer's pictureGerald Toussaint

YAP-BOUSKE le 25 Aout prochain

Ou te pase pye'w sou bekàn nan *YAP* epi'w te pedale ak nou nan 2e edisyon Yogann ap Pedale a, ou sonje bèl eksperyans sa zanmi'm ?

Jodia *YAP ki se Yogann ap Pedale* vin envite'w nan yon gwo ak yon bèl bouske ke lap òganize nan okazyon fèt Sentwoz la nan jou *Samdi 25 Out 2018* la. Nan kad aktivite sa, nou pral gen chans pedale ansanm, aprann plis de richès komin nou an, reflechi ansanm e amize nou nan yon bon moman retwouvay.

Pare bekàn ou, antre jou sa nan ajanda'w ( *Samdi 25 Out 2018* ) pou'w mennen madanm, pitit, mennaj, fanmi ak zanmi pou nal bouske ansanm.

Pa bliye pataje mesaj sa ak kontak ou pou pèmèt plis moun konnen e patisipe. Pou plis enfòmasyon, swiv nou sou Facebook nan lyen sa : https://www.facebook.com/YogannApPedale/ oubyen vizite sit web nou nan adrès sa : www.yapayiti.org

Nay, le Sage



51 views0 comments
bottom of page